lundi 14 août 2017

EKLIPS SOLÈY POU LENDI 21 DAWOUT KAP VINI LA

21 dawout la, zòn 2h nan lapremidi, moun ki tout kote an Ayiti ap ka viv yon eklips solèy la an pati. Piti piti nan jou sa, lalin nan ap pase « ant solèy la ak tè a, sa ki ap fè li bare limyè solèy la an pati. Akoz sa, solèy la ap gen yon bò klere, yon bò nan fènwa. Sa ap dire anviwon dezèdtan.

Pap gen rezon panike pou sa. Menm si se pa yon bagay ki fèt toutan, se yon fenomen natirel ki abitye rive.

Menm jan ou pa tap fè l nan tan nòmal, pinga fikse solèy la nan moman eklips la, si ou pa gen pwoteksyon espesyal pou sa. Kèk segonn sifi pou reyon iltravyolè yo koze gwo domaj nan je w, e ou ka menm pa ka wè an apre.

Pou rapèl, linèt solèy odinè yo PA pwoteje je w nan okazyon sa.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire